Aller au contenu

Joseph Haydn

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Franz Joseph Haydn li pa t janm itilize premye non li —, ki te fèt 31 mas 1732 nan Rohrau sou Leitha nan Bàrès Otrich epi mouri 31 me 1809 nan Vyèn, se te yon konpozitè Otrisyen. Li reprezante klasik Vyèn nan menm jan ak Mozart ak Beethoven, twa konpozitè sa yo jwenn nan istwa anba non « trinite klasik Vyennè ».

Karyè mizikal Joseph Haydn kouvri tout peryòd klasik la, soti nan fen mizik barok rive nan kòmansman romantism lan. Li se toupon ak motè ki pèmèt evolisyon sa a. Imaj « papa Haydn »la pa sòti nan tit « papa sinfoni » ou « papa katè a kòd » yo te bay nan 19yèm syèk la ak menm nan jounen jodi a. Kreyasyon jan sa yo gen yon orijin ki pi konplèks, men Haydn te anpil kontribye nan parèt yo ak nan konsolidasyon yo.